Kisa ki Lwa Ogou a ?

Lwa Ogou a se yon fanmi ki anpil yo gen plizyè non tankou: Ogou Badagri, Ogou Batalah, Ogou Feray, Ogou Balindjo, Ogou Ashade, Ogou Gwesi Malo, Ogou Chinan, Ashade Liki, Ashade Bokan, Ossange, Olisha, Ogou Chango, Ogou Can-can ni can, Ogou dan pethro, Ogou palama, Ogou Chango, Ogou Tonè, Ogou Kandelo…Sòti nan rit Danwonmen, Petro.

Li atribye ak Sen Jòj men nan zòn nò yo atribyel ak St Jak Majè(se pa minè).

Ogou Feray se lwa Dife, Mèt Dife, li se yon fòjewon. Ogou Badagri se lwa Gèrye, Konbatan, Pwotektè, li se lwa ki la pou veye sou solda ak ofisye polis, se yon politisyen.

Koulè prefere Ogou se rouj, ble e nwa. Se lwa ki sansib pou mouchwa’l anpil, se lwa ki te konn pwoteje anpil nan zansèt nou yo e menm papa Desalin te toujou sèvi avèl.

Ogou tèlman renmen mouchwa se rezon sa ou konn tande chante ki di: Ogou travay ohhhh, ogou pa manje, ogou sere lajan li poul achte bèl mouchwa, yè oswa ogou dòmi san soupe.

Moun ki sèvi lwa ogou toujou vyolan e yo pale fò, yo otonòm.* *Ogou se kouzen avèk lwa Zaka.

Jou : Ogou se Mèkredi, Vendredi.

zouti’l sèvi se : Manchèt ak fouwo + mouchwa rouj, ble, nwa, tabak ak pip, sigarèt, Kafe dous.

Manje : Salad(leti ak tomat),nwa, pistach, pwason roz fri ou sòs, diri kole ak pwa rouj, krevèt, lanbi.

Bwason : Rhum(se pa Barbancourt 5 etwal sèlman)Li ka nenpòt lòt Rhum.

Parfen : Florida, Pompeia, Opium.

*Awoche Nago*

Leave a Reply