DANTOR ET SES APECTS

Priyè Dantò mande Dantò asistans, ak lè ou angaje.

Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.

Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.

” Nan Lafwa, lesperans ak la charite Pa pouvwa Mèt syèl la, Mèt tè a, Mèt dlo a, Mèt dife a. Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou Jodi a Sou bitasyon manman kite fè manman mwen Sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit ou ap rele ou Ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen E papa ki te fè papa mwen Panche zòrèy ou Mètrès Dantò Tande plent mwen manman, Jodi a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan E pou tout tan k ap gen tan. Pa kite mwen wont devan lenmi yo manman Dantò, Pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, Mande mwen sa mwen te kwè ? Mwen priye ou konsa paske mwen kwè nan lanmou Ou genyen pou chak pitit ou Ki mache sou prensip ak règleman”

Dantor et ses Aspects :

👉 LA VYÈJ NWA
👉 MÈTRÈS ÈZILI DANTÒ
👉 ÈZILI MAPYANNN
👉ÈZILI BORAN
👉MADAN LENBA
👉MÈTRÈS ZAZI
👉ZILA MOGO
👉KEKE ZILA
👉:ZILA BAZILA
👉MANBO ZILA
👉MAZILA
👉:MARINÈT PYECHÈCH
👉TCHETCHE
👉KEKE
👉MIRE
👉LARÈN BIZANGO
👉LARÈN CHANPWÈL

👉ÈZILI KÈ NWA
👉MAFREZI
👉ÈZILI JE WOUJ
👉MÈTRÈS
👉MÈTRÈS DANTÒ
👉LARÈN DÈNYÈ
👉LARÈN DANTÒ
👉ÈZILI MANYAN

Leave a Reply