Regleman si shampwèl ak bizango frape w

Pandan ou pran lari a siw ta wè ou fè yon move rankont oubyen ou santi ou frape swa you kout lè; ou santi w pa nan nomal ou

Defann tèt ou konsa. selman avanw antre andan kay la retire tout rad ki te sou ou kite yo deyò.

Kouche dòmi trankil siw gen chans rankont la pa tiyew nan sware a fè sa konsa :

1- Ale nan youn nan kalfou ou te pase yo wap pran priz tè nan gran chenmen.

2- wap pran 7 pye bale.

3- Wap bezwen yon ka kleren kri.

4- Yon ponyen fèy kalbas ak yon ponyen fey sèd.

Koman wap prepare yo ?

Melanje yo nan yon galon dlo lanmè

Chache yn kalbas koupe tèt li retire andan nan li vide ben y lan nan kalbas la al nan kalfou a benyen delatèt o pye

Ou fini epi kraze kalbas la nan mitan kalfou a.

Al fè rout ou san pale ak moun e san gade deye antre lakay ou.

Songe itilize yon balèn ak yon bouji nan regleman sa.

Sonje lew fin benyen se rad ki prop pou mete sou ou.

Rad ou te fè rankont la ou dwe boule li.

Mw santi trop jèn fanm ak jèn gason pèdi lavi yo pou gran mesi.

Atansyon !

Se pou nou respekte lè ki pa pou nou tou kek fwa fok nou konnen lari dwe okipe

Si yo frape se paske lè sa ki pran w deyò ou pa ti moun piti.

Leave a Reply