Priyè pou mete w sou pwoteksyon kouzen, pou ede biznis. Limen balèn vèt oubyen lanp lwil doliv jou vandredi Sèvi wonm bitasyon blan, tchaka. Pen mayi. Kouzen Azaka Mede men pitit w ki vin kote ou Mwen bezwen pou ede mwen viv tankou moun sou latè. Pandan ti bout tan mwen ap viv la Mete mwen sou pwoteksyon ou Paske mwen konnen yon pye bwa pa ka pouse ni donnen san rasin minis la. Mwen mande w pou mache ak mwen Nan tout sa m ap regle nan lavi mwen Jaden, jadinay, komès. Pwoteksyon mwen mande. Pwoteje pawòl sa yo mwen adrese w la kont tout move santiman Ogéy, fè wè, jalouzi, rayisans, elatriye. Mouche Zaka Mede, Nèg awonbla Vodou, Kouzen kouzen, odan zaka yombo, Nèg zakasi, zakala, zaka tonné, Zaka mazoko, zoko mazaka, zaka krib. Alaso alaso alaso